{"id":2810,"date":"2022-10-20T03:49:20","date_gmt":"2022-10-20T01:49:20","guid":{"rendered":"https:\/\/haiticlimat.org\/site\/?p=2810"},"modified":"2022-10-20T03:57:07","modified_gmt":"2022-10-20T01:57:07","slug":"kriz-lamanjay-an-ayiti-rezilta-chwa-ekonomik-ak-politik-kapitalis-neyoliberal","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/haiticlimat.org\/site\/kriz-lamanjay-an-ayiti-rezilta-chwa-ekonomik-ak-politik-kapitalis-neyoliberal\/","title":{"rendered":"\u201cKriz lamanjay an Ayiti, rezilta chwa ekonomik ak politik kapitalis neyoliberal\u2019\u2019"},"content":{"rendered":"\n<p><strong>Div\u00e8s \u00f2ganizasyon mouvman sosyal ayisyen an, nan lokazyon 16 okt\u00f2b ki se jounen mondyal lamanjay, denonse ak tout f\u00f2s yo ansanm politik ekonomik Leta ap aplike nan peyi a, anba l\u00f2d enstitisyon finansy\u00e8 ent\u00e8nasyonal tankou Bank Mondyal, FMI, ki pase anba pye dwa grand\u00e8t maj\u00e8 p\u00e8p ayisyen an nan zaf\u00e8 lamanjay. \u201cSitiyasyon sa a p\u00e8p ayisyen an ap f\u00e8 fas la se pito rezilta chwa ekonomik ak politik kapitalis neyoliberal la atrav\u00e8 Bank Mondyal ak FMI enpoze sou peyi a\u201d, selon POHDH, PAPDA, KJM, ICKL ak Tet Kole Ti Peyizan.<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Selon yo menm, li kl\u00e8 kou kl\u00e8woz, sitiyasyon kriz lamanjay peyi a ap viv jounen jodi a se pa paske li pa genyen kapasite pou li pwodui manje nan kantite ak kalite epi ki makonnen ak kilti nou pou tout moun manje vant deboutonnen. Nan deny\u00e8 rap\u00f2 CNSA, ki se K\u00f2dinasyon Nasyonal Sekirite Alimant\u00e8, f\u00e8 soti nan mwa Okt\u00f2b la, li montre genyen plis pase 4,7 milyon moun ki nan yon ensekirite alimant\u00e8 san par\u00e8y epi ki bezwen yon asistans lamanjay an ijans.<\/p>\n\n\n\n<p>Depi nan tan lakoloni pou rive jis jounen jodi a, w\u00f2l yo bay peyi a jwe nan divizyon ent\u00e8nasyonal travay la se founis\u00e8 maty\u00e8 premy\u00e8 ak f\u00f2s travay ouvriye\/travay\u00e8 pou granmesi pou mache ent\u00e8nasyonal la.\u2018\u2019Mod\u00e8l ekonomi neyokolonyal, rasis sa Leta nan peyi a ap aplike a pa chita sou bezwen rey\u00e8l popilasyon ayisy\u00e8n nan, men pito yon mod\u00e8l ekonomi ki vle reponn ak bezwen mache ent\u00e8nasyonal la ak favorize dappiyanp sou resous tout kalte peyi a genyen\u2019\u2019, div\u00e8s \u00f2ganizasyon sa yo f\u00e8 kw\u00e8.<\/p>\n\n\n\n<p>Politik ekonomik rasis kapitalis neyoliberal la kise yon medsin chwal anpeche nou jwi dwa grand\u00e8t maj\u00e8 nou nan zaf\u00e8 lamanjay, selon yo menm. Nan denye 10 lane ki sot pase yo, kriz lamanjay la vin ranf\u00f2se ak rejim PHTK a ki kreye yon slogan vid, ki pa gen okenn sans \u00ab Haiti is open for business \u00bb, ki charye d\u00e8y\u00e8 li tout lojik piyaj ak vann peyi a bay peyi kapitalis dominan yo. \u201cRejim sa a, pou satisf\u00e8 demand gwo antrepriz ent\u00e8nasyonal yo, mache sakrifye lavi peyizan yo, anviw\u00f2nman peyi a, agrikilti a nan ranf\u00f2se politik bary\u00e8 lib la ak politik z\u00f2n franch yo, pwoj\u00e8 eksplwatasyon miny\u00e8 yo, politik agwobiznis yo\u2019\u2019, div\u00e8s \u00f2ganizasyon mouvman sosyal yo f\u00e8 konnen.<\/p>\n\n\n\n<p>Pou yo, politik ekonomik sa yo patisipe nan retire t\u00e8 ki te konn f\u00e8 manje yo pou bay envestis\u00e8, dekouraje peyizan yo travay, sa ki lakoz anpil peyizan pa genyen t\u00e8 pou travay, anpil oblije kouri l\u00f2t b\u00f2 dlo, sa ki f\u00e8 nou p\u00e8di tout dwa grand\u00e8t maj\u00e8 nou nan zaf\u00e8 lamanjay la. \u2018\u2019Nou kapab menm di se yon grangou pwovoke non s\u00e8lman ak absans politik pou soutni peyizan ayisyen pou kontinye kenbe dwa granmoun nou nan zaf\u00e8 lamanjay, men tou pou f\u00f2se popilasyon an dak\u00f2 ak yon seri mezi ki kont kilti, listwa, diyite ak fy\u00e8te li\u2019\u2019, selon yo menm.<\/p>\n\n\n\n<p>Nan lokasyon 16 okt\u00f2b la, \u00f2ganizasyon ki siyen n\u00f2t sa a, k\u00f2nen lanbi mobilizasyon kont mod\u00e8l ekonomi neyokolonyal la ki chita sou dap piyanp sou t\u00e8, sou bary\u00e8 lib, sou politik mete beton sou t\u00e8 ki konn f\u00e8 manje, ak kont gouv\u00e8nman PHTK ki tounen endistri ki ap kale bandi pou kraze pwodiksyon nasyonal la, pou elimine peyiz\u00e1nri an, epi rann nou pi depandan toujou sou kont letranje. Pou yo fini, POHDH, PAPDA, KJM, ICKL ak Tet Kole Ti Peyizan ki siyen n\u00f2t sila, raple revandikasyon popilasyon an kl\u00e8. Li chita sou: kraze sist\u00e8m miwo miba a, ki vin pran yon l\u00f2t f\u00f2m jodia ak pouvwa PHTK (tout v\u00e8syon) ki ranf\u00f2se majinalizasyon ak esklizyon kouch popil\u00e8 yo atrav\u00e8 politik gansterizasyon katye popil\u00e8 yo.<\/p>\n\n\n\n<p>Men tou, bon jan politik piblik pou ranf\u00f2se agrikilti peyizan familial agwoekolojik ak bon jan ref\u00f2m agr\u00e8 pou peyizan ayisyen (fanm tankou gason) kapab kontinye kenbe dwa grand\u00e8t maj\u00e8 peyi a nan zaf\u00e8 lamanjay et mete yon bout nan tout politik eksplwatasyon min ak enstalasyon z\u00f2n franch sou t\u00e8 agrik\u00f2l ki menase lavi moun ak anviw\u00f2nman peyi a.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>Milo Milfort<\/strong><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Div\u00e8s \u00f2ganizasyon mouvman sosyal ayisyen an, nan lokazyon 16 okt\u00f2b ki se jounen mondyal lamanjay, denonse ak tout f\u00f2s yo ansanm politik ekonomik Leta ap aplike nan peyi a, anba l\u00f2d enstitisyon finansy\u00e8 ent\u00e8nasyonal tankou Bank Mondyal, FMI, ki pase anba pye dwa grand\u00e8t maj\u00e8 p\u00e8p ayisyen an nan zaf\u00e8 lamanjay. <\/p>\n","protected":false},"author":2,"featured_media":2811,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"jetpack_post_was_ever_published":false,"_jetpack_newsletter_access":"","_jetpack_dont_email_post_to_subs":false,"_jetpack_newsletter_tier_id":0,"_jetpack_memberships_contains_paywalled_content":false,"_jetpack_memberships_contains_paid_content":false,"footnotes":"","jetpack_publicize_message":"","jetpack_publicize_feature_enabled":true,"jetpack_social_post_already_shared":true,"jetpack_social_options":{"image_generator_settings":{"template":"highway","enabled":false},"version":2}},"categories":[61,66],"tags":[],"class_list":["post-2810","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-agro-ecologie","category-environnement"],"jetpack_publicize_connections":[],"jetpack_featured_media_url":"https:\/\/haiticlimat.org\/site\/wp-content\/uploads\/2022\/10\/141016-haiti-matthew-m-ok.jpg","jetpack_likes_enabled":true,"jetpack_sharing_enabled":true,"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/haiticlimat.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/2810","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/haiticlimat.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/haiticlimat.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiticlimat.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/users\/2"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiticlimat.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=2810"}],"version-history":[{"count":2,"href":"https:\/\/haiticlimat.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/2810\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":2814,"href":"https:\/\/haiticlimat.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/2810\/revisions\/2814"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/haiticlimat.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/media\/2811"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/haiticlimat.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=2810"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiticlimat.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=2810"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/haiticlimat.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=2810"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}