Divès òganizasyon mouvman sosyal ayisyen an, nan lokazyon 16 oktòb ki se jounen mondyal lamanjay, denonse ak tout fòs yo ansanm politik ekonomik Leta ap aplike nan peyi a, anba lòd enstitisyon finansyè entènasyonal tankou Bank Mondyal, FMI, ki pase anba pye dwa grandèt majè pèp ayisyen an nan zafè lamanjay. “Sitiyasyon sa a pèp ayisyen an ap fè fas la se pito rezilta chwa ekonomik ak politik kapitalis neyoliberal la atravè Bank Mondyal ak FMI enpoze sou peyi a”, selon POHDH, PAPDA, KJM, ICKL ak Tet Kole Ti Peyizan.
Selon yo menm, li klè kou klèwoz, sitiyasyon kriz lamanjay peyi a ap viv jounen jodi a se pa paske li pa genyen kapasite pou li pwodui manje nan kantite ak kalite epi ki makonnen ak kilti nou pou tout moun manje vant deboutonnen. Nan denyè rapò CNSA, ki se Kòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè, fè soti nan mwa Oktòb la, li montre genyen plis pase 4,7 milyon moun ki nan yon ensekirite alimantè san parèy epi ki bezwen yon asistans lamanjay an ijans.
Depi nan tan lakoloni pou rive jis jounen jodi a, wòl yo bay peyi a jwe nan divizyon entènasyonal travay la se founisè matyè premyè ak fòs travay ouvriye/travayè pou granmesi pou mache entènasyonal la.‘’Modèl ekonomi neyokolonyal, rasis sa Leta nan peyi a ap aplike a pa chita sou bezwen reyèl popilasyon ayisyèn nan, men pito yon modèl ekonomi ki vle reponn ak bezwen mache entènasyonal la ak favorize dappiyanp sou resous tout kalte peyi a genyen’’, divès òganizasyon sa yo fè kwè.
Politik ekonomik rasis kapitalis neyoliberal la kise yon medsin chwal anpeche nou jwi dwa grandèt majè nou nan zafè lamanjay, selon yo menm. Nan denye 10 lane ki sot pase yo, kriz lamanjay la vin ranfòse ak rejim PHTK a ki kreye yon slogan vid, ki pa gen okenn sans « Haiti is open for business », ki charye dèyè li tout lojik piyaj ak vann peyi a bay peyi kapitalis dominan yo. “Rejim sa a, pou satisfè demand gwo antrepriz entènasyonal yo, mache sakrifye lavi peyizan yo, anviwònman peyi a, agrikilti a nan ranfòse politik baryè lib la ak politik zòn franch yo, pwojè eksplwatasyon minyè yo, politik agwobiznis yo’’, divès òganizasyon mouvman sosyal yo fè konnen.
Pou yo, politik ekonomik sa yo patisipe nan retire tè ki te konn fè manje yo pou bay envestisè, dekouraje peyizan yo travay, sa ki lakoz anpil peyizan pa genyen tè pou travay, anpil oblije kouri lòt bò dlo, sa ki fè nou pèdi tout dwa grandèt majè nou nan zafè lamanjay la. ‘’Nou kapab menm di se yon grangou pwovoke non sèlman ak absans politik pou soutni peyizan ayisyen pou kontinye kenbe dwa granmoun nou nan zafè lamanjay, men tou pou fòse popilasyon an dakò ak yon seri mezi ki kont kilti, listwa, diyite ak fyète li’’, selon yo menm.
Nan lokasyon 16 oktòb la, òganizasyon ki siyen nòt sa a, kònen lanbi mobilizasyon kont modèl ekonomi neyokolonyal la ki chita sou dap piyanp sou tè, sou baryè lib, sou politik mete beton sou tè ki konn fè manje, ak kont gouvènman PHTK ki tounen endistri ki ap kale bandi pou kraze pwodiksyon nasyonal la, pou elimine peyizánri an, epi rann nou pi depandan toujou sou kont letranje. Pou yo fini, POHDH, PAPDA, KJM, ICKL ak Tet Kole Ti Peyizan ki siyen nòt sila, raple revandikasyon popilasyon an klè. Li chita sou: kraze sistèm miwo miba a, ki vin pran yon lòt fòm jodia ak pouvwa PHTK (tout vèsyon) ki ranfòse majinalizasyon ak esklizyon kouch popilè yo atravè politik gansterizasyon katye popilè yo.
Men tou, bon jan politik piblik pou ranfòse agrikilti peyizan familial agwoekolojik ak bon jan refòm agrè pou peyizan ayisyen (fanm tankou gason) kapab kontinye kenbe dwa grandèt majè peyi a nan zafè lamanjay et mete yon bout nan tout politik eksplwatasyon min ak enstalasyon zòn franch sou tè agrikòl ki menase lavi moun ak anviwònman peyi a.
Milo Milfort